Kalandriye

Atelye MIT ap fè sou teknoloji ak resous ouvè pou edikasyon ann Ayiti

28–31 mas 2012
Port-au-Prince, Haiti

Mèkredi 28 mas

~6pm–??? (selon lè nou rive): Reyinyon pou òganizatè yo sèlman:
Reyinyon pou nou finalize dènye ti detay nan planifikasyon atelye yo

Jedi 29 mas

9am-midi: atelye pou pwofesè byoloji: Atelye Byoloji / STAR BioChem (Pwofesè: Lourdes Alemán)

12:30-2:30pm: Manje midi ak prezantasyon pou envite espesyal

  • Entwodiksyon jeneral sou inisyativ MIT-Haiti a
  • Rezime ak esplikasyon divès pati pwogram lan

3-6pm: Konsiltasyon prive ak Lourdes Alemán sou STAR

3-6pm: atelye pou pwofesè fizik: Atelye Fizik / Teal, 1e pati (Pwofesè: Peter Dourmashkin)

Vandredi 30 mas

9am-midi: atelye pou pwofesè fizik: Atelye Fizik / Teal, 2èm pati (Pwofesè: Peter Dourmashkin)

12:30-2:30pm: Manje midi ak prezantasyon pou envite espesyal

  • Istorik ak lavni pou edikasyon ki baze sou teknoloji ak resous ouvè: brase lide sou “OpenCourseWare”, “STAR” ak lòt Resous Ouvè nan MIT
  • Motivasyon ak objektif Inisyativ MIT-Haiti a

3-6pm: Konsiltasyon prive ak Peter Dourmashkin sou TEAL

3-6pm: atelye pou pwofesè byoloji: Atelye Byoloji / STAR BioGen (Pwofesè: Lourdes Alemán)

Samdi 31 mas

9:30am-midi: Reyinyon pou ekip MIT, FOKAL ak FdS ak lòt administratè epi divès ekspè sou teknoloji, telekominikasyon, elatriye

  • Ki jan pou nou fè inisyativ la ale pi lwen
  • Planifikasyon sou enfrastrikti
  • Planifikasyon lòt atelye nan lavni

Rezime atelye MIT pral fè sou byoloji ak fizik

Lourdes Alemán (zouti pou byoloji—STAR)

Objektif lojisyèl “STAR” la (“Software Tools for Academics and Researchers”) se kreye yon pon ant ansèyman k ap fèt nan sal de klas ak rechèch syantifik k ap fèt nan laboratwa. Ekip nou an gen manm ki soti nan plizyè disiplin. Pami nou, gen syantis k ap fè rechèch epi gen enfòmatisyen k ap kreye lojisyèl. Epi tou, nou kolabore ak pwofesè MIT pou nou kreye lojisyèl ki ka sèvi kòm bon zouti pou ansèyman lasyans. Lojisyèl nou yo gratis. Epi tou, nou gen resous pedagojik ki gratis tou—wi, gratis ti cheri. Resous sa yo ka ede nou sèvi ak lojisyèl nou yo nan divès anviwonnman akademik. Nou ka jwenn yo sou sit STAR la: http://web.mit.edu/star/.

Atelye sa a pral entwodui 2 zouti “STAR”: StarBiochem ki sou sit http://web.mit.edu/star/biochem ak StarGenetics ki sou sit http://web.mit.edu/star/genetics. StarBiochem se yon lojisyèl ki pèmèt elèv yo wè molekil an 3 dimansyon. Se yon metòd entèraktif pou aprann biyoloji molekil ak pwoteyin. StarGenetics se yon lojisyèl kote elèv ka fè similasyon sou kwazman jenetik ant òganism ki gen trè jenetik diferan. Objektif StarGenetics se anseye elèv divès konsèp jenetik epi ki jan pou yo fè eksperyans pou teste divès teyori sou jenetik.
Nou pral fè diferan aktivite pou nou rive byen konnen chak zouti sa yo.

Nan aktivite sa yo, nou pral chache konnen:

  • pou ki sa nou te kreye zouti yo kon sa
  • kouman nou te kreye zouti sa yo
  • kouman pou nou sèvi ak zouti yo epi ak lòt materyèl pedagojik pou byoloji
  • divès kapasite zouti yo
  • ki egzèsis nou ka fè ak zouti yo
  • egzanp sou jan zouti sa yo ka sèvi nou pi byen
  • ki jan pou nou kreye pwòp egzèsis pa nou

Peter Dourmashkin (zouti pou fizik—TEAL/OCW)

Sa fè 10 lane depi pwofesè fizik nan MIT devlope yon zouti gratis ki sou entènèt e ki rele “Teknoloji pou aprantisaj aktif” (ann angle: “Technology-Enabled Active Learning” = “TEAL”). Teknoloji sa a te vin chanje jan pwofesè MIT anseye mekanik ak elektwo-mayetism. TEAL vin enkòpore divès metòd ak teknoloji pou ansèyman syans fizik. Nan atelye sa a, nou pral fè fòmasyon ki baze sou angajman aktif patisipan yo. Sa vle di: Patisipan yo pral travay an gwoup, yo pral fè eksperyans sou divès fòmil syantifik epi yo pral sèvi ak òdinatè pou yo devlope konpreyansyon konsèp ak analiz yo nan mekanik ak elektro-mayetis. Atelye a pral entegre konsèp, eksperyans ak egzèsis nan yon anbyans entèraktif kote patisipan yo pral diskite solisyon pwoblèm syantifik antre yo epi ak pwofesè a tou. Tout materyèl pou atelye a deja disponib gratis sou sit entènèt OCW a. Epi nou pral montre ki jan materyèl sa yo ka sèvi pou anseye fizik nan divès enstitisyon akademik.

Comments

Leave a Reply