Pwojè ann apre atelye out 2013 la

Inisyativ MIT–Ayiti
Atelye 12–14 out 2013
Pwojè patisipan yo gen pou fè apre atelye a fini
Dat limit pou ou voye rapò sou pwojè ou a nan mithaiti@mit.edu : 15 novanm 2013

Men dokimantasyon ou dwe voye ban nou pou ou ka resevwa sètifika pou atelye MIT-Ayiti 12-14 out la:

  1. Plan leson
    a. Objektif aprantisaj la
    b. Deskripsyon materyèl ou pral anseye a
    c. Aktivite aprantisaj aktif la (pa egzanp: similasyon sou laptòp, prezantasyon ak kou majistral, travay an gwoup, eksetera)
    d. Resous (pa egzanp: lojisyèl, panflè, eksetera)
    e. Evalyasyon (pa egzanp, egzamen kontwòl, tès plop-­‐plop, prezantasyon, eksetera)
  2. Ou te remèt plan leson sa a nan fen atelye a, nan dat 14 out 2013. Si ou te mete yon degi nan plan leson an apre atelye a, tanpri voye nouvo plan leson ban nou sou imel.

  3. Deskripsyon kou lè ou te sèvi ak plan leson an:
    a. Dat kou lè ou te sèvi ak plan leson an?
    b. Ki sijè ou te anseye nan kou sa a?
    c. Dire kou a te dire?
  4. Yon deskripsyon ki jan ou te prezante aktivite a—ou ka sèvi ak kesyon sa yo pou ou ka ekri deskripsyon an:
    a. Konbyen etidyan ki te patisipe nan aktivite a?
    b. Èske etidyan yo te fè aktivite sa a kòm yon pati nan klas ou, kòm yon devwa oswa kòm yon aktivite espesyal an plis pou kèk elèv, oswa kòm yon lòt bagay?
  5. Ki kalite evalyasyon ou te bay:
    a. Ki kalite evalyasyon somativ?
    b. Ki kalite evalyasyon fòmativ?
    c. Ki rezilta ou te jwenn nan evalyasyon sa yo?
  6. Yon deskripsyon sou ki jan etidyan ou yo te reyaji sou aktivite a—ou ka sèvi ak kesyon sa yo pou ou ekri deskripsyon an:
    a. Èske elèv yo te gen kesyon sou aktivite a pandan yo t ap fè aktivite a? Si yo te poze kesyon, ki kesyon yo te mande?
    b. Èske elèv yo te di yo te renmen aktivite a oswa yo pa te renmen aktivite a?
    c. Ki lòt kòmantè elèv yo te fè sou aktivite a?
    1. Si ou dakò pou ou anrejistre aktivite aprantisaj aktif pou pwojè w la sou videyo, sa pral pèmèt nou ba w plis fidbak sou pwojè a epi n ap ka sèvi ak videyo sa yo pou nou dokimante enpak pwojè a (pou piblik la ansanm ak òganizasyon k ap finanse pwojè a ka wè rezilta travay la). Nou gen kameramann pwofesyonèl ki ofri èd yo pou nou rive anrejistre aktivite aprantisaj aktif ou pral fè pou pwojè w la. Si ou bezwen èd sa a pou filme aktivite w la, tanpri ekri nou adrès imel sa a: mithaiti@mit.edu . Nan mesaj la, mete adrès, dat ak lè (de ki a ki lè) ou pral fè kou ke nou pral filme a.

      Dat limit pou voye rapò a se vandredi 15 novanm 2013. Voye rapò a nan mithaiti@mit.edu

      Si ou ban nou pèmisyon, nou pral mete rapò w la nan sit http://haiti.mit.edu pou nou pataje li ak kolèg ou yo. Kon sa, kanmarad ou yo ap ka pwofite de esperyans ou tou. Lè ou voye rapò a ban nou, tanpri fè nou konnen si nou ka mete rapò w la sou sit http://haiti.mit.edu . Epi w ava di nou si ou te fè aranjman pou filme prezantasyon an, epi n ava fè aranjman pou nou jwenn videyo a.

      Mèsi anpil!

Comments

Leave a Reply